Retabli sekirite nan peyi a, se yon gwo defi konsèy prezidansyèl la dwe leve nan kèk mwa ankò
- 2025.01.22
- DeFi

Retabli sekirite nan peyi a,se yon gwo defi konsèy prezidansyèl la dwe leve nan kèk mwa ankò, si l vle òganize eleksyon ane sa, pou reyisi tranzisyon an,se rapèl sa Bakòp Ayiti fè.
Òganizasyon an krenn pou ekip ki sou pouvwa ta echwe,puiske rete sèlman 9 mwa pou dat eleksyon jeneral yo rive.
Bakòp Ayiti di l poko wè fòs lòd yo sou wout pou demantle gang yo. Li rekòmande gouvènman an ak KPT a atake pwoblèm ensekirite a anwo tankou anba.